Kontakte Pine Tree Legal Assistance (Asistans Jiridik Pine Tree) pou kapab jwenn Èd Jiridik
Pa telefòn
Rele nou nan 942-8322 pandan lè apèl nou yo:
- Lendi 12è p.m. (midi) pou 2è 30 p.m.
- Madi 9è a.m. pou 11è 30 a.m.
- Jedi 9è a.m. pou 11è 30 a.m.
An pèsòn
Nan biwo nou yo:
Augusta: Mèkredi 9è pou 11è 30 a.m.
Bangor: Mèkredi 1è pou 4è p.m.
Lewiston: Vandredi 9è pou 11è 30 a.m
Machias: Lendi 9è pou 11è a.m.
Portland: Mèkredi 9è pou 11è 30 a.m.
Presque Isle: Lendi, mèkredi ak vandredi 9è pou 11è a.m. Kapab disponib tou nan lòt moman pandan lè fonksyònman nòmal yo, rele biwo Presque Isle la pou mande ransèyman sou disponibilite a.
Nan kominote nou yo:
Biwo Minisipal Houlton: 1ye ak 3yèm mèkredi nan mwa a, 1è pou 3è p.m.
Biwo Minisipal Fort Kent: 1ye ak 3yèm vandredi nan mwa a, 1è pou 3è p.m.
Èske w pale yon lòt lang apa anglè?
Si w rele nou oswa ou vin nan biwo nou an, mande yon entèprèt imedyatman. Nou gen pou n founi w youn gratis.
Ou kapab rele nou tou nan 207-942-8322. Peze “2.” Apre sa, peze:
- Pulse 1 para español. (1 pou espanyòl)
- (2 pou arab) للغة العربية اضغط الرقم اثنان
- Haddii aad rabto Af Somali riix 3. (3 pou somalyen)
- Pressione 4 para Português. (4 pou pòtigè)
- Fina 5 pona lingala. (5 pou lingala)
- Appuyez sur 6 pour le français. (6 pou fransè)
- Peze 7 pou kreyòl ayisyen. (7 pou kreyòl ayisyen)
Tanpri kite yon mesaj pou fè nou konnen ki kote w ye nan eta a, ki tip pwoblèm ou genyen, epi kijan nou kapab kontakte w. Yon manm nan ekip nou an gen pou raple w nan entèval 5 jiska 7 jou ouvrab.
Kisa Pine Tree Legal Assistance fè?
Pine Tree Legal Assistance (PTLA) se yon òganizasyon èd jiridik sivil – sa vle di nou ede moun ki gen pwoblèm jiridik ki pa penal rezoud pwoblèm yo. Pafwa sa vle di pale avèk ou nan telefòn pou ba ou konsèy sou yon pwoblèm, epi pafwa sa vle di yon avoka ki ap reprezante w konplètman nan tribinal.
Kèk nan pwoblèm ki pi kouran nou ede moun rezoud yo se:
- Lojman lokasyon, tankou degèpisman, kay ki pa an sekirite oswa pinèz kabann.
- Pwoblèm avèk avantaj tankou Pwogram Èd Nitrisyon Siplemantè (Supplemental Nutrition Assistance Program, SNAP) (koupon alimantè), Asistans Tanporè pou Fanmi ki nan Bezwen, Temporary Assistance for Needy Families, TANF), Mainecare, oswa Asistans Jeneral.
- Timoun ki pa jwenn edikasyon oswa sèvis yo bezwen pou yo aprann epi rete an sekirite nan lekòl. Vizite pwogram KIDSLegal nou an.
- Pwoblèm konsomasyon tankou ajan rekouvreman dèt, kat kredi, prè pou etidyan, taks sou pwopriyete, sezi kay ak acha machin dezyèm men.
- Pwoblèm avèk IRS oswa taks federal sou revni. Vizite Klinik nou an pou Kontribyab ki gen Revni ki Fèb yo.
- Diskriminasyon nan zafè lojman, ki baze sou bagay tankou ras, relijyon, andikap oswa paske moun nan gen timoun. Vizite Inite pou Lojman Ekitab nou an..
- Avantaj Administrasyon Veteran (Veterans Administration, VA) ak amelyorasyon dechaj militè. Vizite Inite pou Veteran nou an.
- Pwoblèm nan tribinal tribal ak sa ki gen rapò ak estati tribal. Vizite Inite pou Pèp Endijèn nou an.
- Pwoblèm sante/sekirite, salè, ak kondisyon lavi pou travayè agrikòl yo. Vizite Inite pou Travayè Agrikòl nou an..
Nou pa kapab ede avèk:
- Dosye penal
- Vyolasyon règ sikilasyon woutye
- Chòk oswa blese yon moun sibi
- Nou pa kapab pran apèl konsènan pwoblèm konsènan Dwa Familyal. Nou trete afè Dwa Familyal ki lye avèk agresyon seksyèl oswa vyolans nan kay gras ak yon relasyon pou refere moun al jwenn òganizasyon defans lokal yo nan tout Eta Maine la. Si w ap sibi agresyon seksyèl oswa vyolans nan kay, kontakte sèvis sa yo pou w konnen ki resous jiridik ak lòt bagay ki disponib pou ou. Kontakte pou èd ak sipò konsènan vyolans nan kay. Kontakte pou èd ak sipò konsènan agresyon seksyèl.
Ak kisa pou w atann ou lè w kontakte PTLA
Kit ou jwenn èd an pèsòn oswa pa telefòn, premye etap nou an se fè yon «prizanchaj» avèk ou. Youn nan parajiris nou yo ki resevwa fòmasyon gen pou diskite avèk ou an prive pou jwenn plis enfòmasyon sou ou ak sitiyasyon w lan.
Pou konnen si nou kapab ede w, nou ap bezwen poze w anpil kesyon. Nou gen pou n poze w kesyon konsènan:
- Pwoblèm jiridik ou an
- Non w ak non lòt moun ki enplike yo
- Enfòmasyon kontak ou yo
- Revni w ak byen w yo
Nou gen pou n poze w kesyon sou done demografik ou yo, pami yo sitwayènte w oswa estati imigrasyon w. Nou p ap pataje enfòmasyon sou imigrasyon avèk Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (United States Citizenship & Immigration Services, USCIS) oswa Sèvis Imigrasyon ak Ladwàn (Immigration and Customs Enforcement, ICE).
Pafwa nou pa anmezi pou n ede w avèk pwoblèm jiridik ou an. Nou gendwa pa kapab ede ou paske:
- Se pa yon pwoblèm jiridik Pine Tree jere.
- Nou gen yon konfli enterè epi règ etik yo anpeche nou ede w.
- Nou gen limit sou ki moun nou kapab ede an fonksyon revni ak byen yo – epi si w depase limit sa yo, nou gendwa pa kapab ede w.
- Yon pati nan finansman nou yo pèmèt nou ede sèlman moun ki gen sèten estati imigrasyon – kidonk gen kèk moun nou pa kapab ede.
Si w kalifye, nou gen pou n mande w plis enfòmasyon sou pwoblèm jiridik ou an. Li itil pou w genyen avèk ou tout bagay ou genyen ki alekri sou pwoblèm ou an.
Yonfwa nou gen enfòmasyon nou bezwen yo, nou gen pou n detèmine si nou kapab ba w konsèy oswa si nou kapab fè plis travay sou dosye w la. Si nou ba w konsèy, parajiris la gen pou l travay avèk ou epi yon avoka pou ba w konsèy jiridik sou dosye w la. Si nou kapab fè plis travay sou ka w la, nou gen pou n voye l bay youn nan inite nou yo kote anplwaye nou yo gen pou travay ansanm, epi avèk ou, pou ede rezoud pwoblèm ou an. Yon moun nan inite a gen pou kontakte w nan entèval yon semèn, oswa pi bonè, si pwoblèm ou an pi ijan.
Poukisa li tèlman difisil pou jwenn nou nan telefòn?
Nou konnen atant sou liy telefòn nou an kapab long. Nou bay tout Eta a sèvis, epi anpil moun bezwen èd nou. Chak ane nou travay sou plis pase 6,000 dosye, men nou resevwa plis pase 10,000 demann èd. Si w rele pandan lè nou resevwa apèl yo epi yo mete w ap tann, yon moun gen pou reponn apèl ou a epi pale avèk ou sou pwoblèm ou an. Pafwa tan atant yo pi kout nan kòmansman ak nan fen chak peryòd woulman ekip yo.
Èske li san danje pou m pale avèk Pine Tree?
Nou konprann sistèm jiridik la ka konplike ak efreyan - li ka difisil pou w konnen kimoun pou w fè konfyans oswa kisa pou w kwè. Men kèk enfòmasyon sou kiyès nou ye ak sa nou fè, ki ka ede w reponn kesyon sa a:
- Pine Tree Legal Assistance se pa yon ajans leta li ye. Nou resevwa finansman nan men administrasyon Eta yo ak gouvènman federal la, men sa pa vle di n ap travay pou yo. Nou travay pou kliyan nou yo. Nan anpil ka, nou reprezante moun ki gen pwoblèm avèk ajans leta yo!
- PTLA p ap faktire w pou asistans jiridik la. Nou bay konsèy epi reprezante moun ki kalifye pou sèvis nou yo san yo pa gen pou peye anyen. Pafwa, kliyan nou yo ka bezwen peye kèk bagay tankou frè tribinal – men nou p ap janm faktire w pou konsèy oswa sèvis jiridik yo.
- Paske kèk nan antite ki ap finanse nou yo egzije sa, nou gen pou n poze w kesyon sou estati imigrasyon ou. Nou p ap janm pataje enfòmasyon sa yo avèk USCIS oswa ICE. Pi move bagay ki ka rive se pou nou pa kapab ede w akòz restriksyon sou finansman nou yo. Règ sou sa yo trè konplike, men li preferab pou w kontakte nou epi mande olye pou w sipoze nou pa ka ede w sèlman akòz estati imigrasyon ou.
- PTLA gen pou l toujou founi w yon tradiktè nan bouch san w pa bezwen peye anyen. Jwenn plis enfòmasyon sou dwa ou yo nan zafè aksè lengwistik nan tribinal Maine yo.
- Nou p ap angaje okenn aksyon jiridik ni diskite sou dosye w lan avèk pyès lòt moun, sof si nou pale dabò sou sa avèk ou epi nou dakò sou lefèt se sa nou ta dwe fè.
- Si w gen preyokipasyon pou nou pa trete w san patipri, nou gen yon pwosesis ki pèmèt kliyan yo depoze yon plent, epi garanti yo tande plent sa yo epi pran yo avèk serye. Li Politik sou Doleyans Kliyan nou an.
Ou gen kòmantè konsènan sit entènèt nou an? Itilize fòm kòmantè konsènan sit entènèt nou an pou w fè nou konnen!